Haitian Creole Bible

2 Kings 8

2 Kings

Return to Index

Chapter 9

1

 ¶ Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: --Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou. 

2

 Lè w'a rive, w'a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W'a antre kote l' ye a, w'a fè l' leve kite kanmarad li yo, w'a mennen l' nan yon pyès apa. 

3

 W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou. 

4

 Se konsa jenn pwofèt la ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. 

5

 Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: --Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': --Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: --Pou ou wi, chèf. 

6

 Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: --Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an. 

7

 Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo. 

8

 Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M'ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun. 

9

 Menm sa m' te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m' te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m'ap fè fanmi pa l' la tou. 

10

 Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P'ap gen pesonn pou antere l'. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale. 

11

 ¶ Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': --Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: --Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di! 

12

 Mesye yo reponn: --Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: --Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la. 

13

 Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: --Viv Jeou, wa peyi Izrayèl! 

14

 Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri. 

15

 Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: --Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl. 

16

 ¶ Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l'. 

17

 Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: --Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: --Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi! 

18

 Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': --Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: --Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: --Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. 

19

 Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: --Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: --Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. 

20

 Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: --Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L'ap kouri cha lagè a tankou moun fou. 

21

 Lè sa a Joram di: --Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la. 

22

 Joram mande l': --Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: --Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl? 

23

 Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: --Yo trayi nou, Okozyas! 

24

 Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a. 

25

 Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: --Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di: 

26

 Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l' yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Koulye a, pran kadav li, jete l' nan jaden Nabòt la, jan Seyè a te di l' la. 

27

 Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: --Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri. 

28

 Apre sa, chèf li yo mete kadav la sou cha a, yo mennen l' lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan kavo fanmi li nan lavil David la. 

29

 Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou onzan depi li te wa peyi Izrayèl lè Okozyas te moute wa nan peyi Jida. 

30

 ¶ Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade. 

31

 Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: --Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou! 

32

 Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: --Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt. 

33

 Jeou di yo: --Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la. 

34

 Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: --Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye. 

35

 Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo. 

36

 Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: --Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl. 

37

 Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li. 

2 Kings 10

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: