Haitian Creole Bible

1 Samuel 23

1 Samuel

Return to Index

Chapter 24

1

 ¶ Lè Sayil tounen soti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezè Angedi a. 

2

 Sayil pran twamil (3000) sòlda nan pèp Izrayèl la, sa ki te fò anpil nan fè lagè. Epi li pati al chache David ak mesye l' yo sou solèy leve Wòch Kabrit mawon yo. 

3

 Li rive devan yon gwòt ki te toupre yon pak mouton bò wout la. Li antre nan gwòt la al fè bezwen li. David menm te kache nan fon gwòt la ansanm ak mesye l' yo. 

4

 Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa. 

5

 Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a. 

6

 Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa. 

7

 David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li. 

8

 Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 

9

 ¶ Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou? 

10

 Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa. 

11

 Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'. 

12

 Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou. 

13

 Jan pwovèb granmoun lontan yo di: Se moun mechan ki fè mechanste! Men mwen p'ap leve men m' sou ou. 

14

 Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis? 

15

 Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou. 

16

 ¶ Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye. 

17

 Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou. 

18

 Jòdi a ankò, ou fè m' wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Seyè a lage m' nan men ou, ou pa touye m'. 

19

 Lè yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lènmi l', èske l'ap kite l' al fè wout li san li pa fè l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a. 

20

 Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm. 

21

 Men tanpri, pwomèt mwen, nan non Seyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m' pa disparèt nan fanmi papa m'. 

22

 David pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l' yo. 

1 Samuel 25

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: