Haitian Creole Bible

Genesis 10

Genesis

Return to Index

Chapter 11

1

 ¶ Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 

2

 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. 

3

 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 

4

 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. 

5

 ¶ Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. 

6

 Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. 

7

 Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. 

8

 Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. 

9

 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè. 

10

 ¶ Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 

11

 Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

12

 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 

13

 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

14

 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 

15

 Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

16

 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 

17

 Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

18

 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 

19

 Apre sa, li viv desannevan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

20

 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 

21

 Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

22

 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 

23

 Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

24

 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 

25

 Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 

26

 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. 

27

 ¶ Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 

28

 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 

29

 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 

30

 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 

31

 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 

32

 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an). 

Genesis 12

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: